Chanm Depite ameriken an genyen pou l vote madi 11 jen an, sou yon pwopozisyon-lwa ki ta otorize yon jijman kont Minis Justis la, William Barr, a ansyen konseye politik La Mezon Blanch, Don McGahn, poutèt yo te refize kowopere ak Lachanm lè l te voye manda ba yo pou yo vin fè depozisyon sou ankèt lajistis amerikèn mennen sou enjerans Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la Ozetazini.
Manm Chanm nan bezwen gen posibilite pou yo konsilte dokiman ki nan rapò Pwokirè espesyal, Robert Mueller, te prepare nan kad ankèt li te mennen pou konnen si prezidan Donald Trump te eseye bloke travay lajistis avèk yon blokaj ankèt la, epi pou Misye McGhan, li menm, fè depozisyon n sou reyinyon ki te fèt sou dosye a nan La Mezon Blanch.