Accessibility links

Breaking News

Etazini Apiye Apèl pou Mennen yon Ankèt sou Etik Chèf L OEA a


Foto Achiv: Sekrete Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo Luis Almagro nan Pewou, 5 Oktob, 2022.
Foto Achiv: Sekrete Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo Luis Almagro nan Pewou, 5 Oktob, 2022.

Chèf Oganizasyon Eta Ameriken yo, Luis Almagro ap fè fas ak yon apèl administrasyon Biden nan lanse pou yon ankèt endepandan sou konpòtman li pa rapò ak yon relasyon entim li te genyen ak yon anplwaye.

Enspektè jeneral L OEA a deklare semèn sa a ke li nan enterè yo pou yo anplwaye yon konpayi endepandan pou mennen ankèt sou akizasyon ki di kòm kwa Sekretè Jeneral Luis Almagro te vyole kòd etik la.

Associated Press te rapote mwa pase a, ke Almagro te ann afè ak yon anplwaye ke sit wèb l OEA a dekri tankou konseye prensipal li.

XS
SM
MD
LG