Accessibility links

Breaking News

3 Ansyen Responsab Gouvènman Ayisyen Mande Aksyon Rejyonal sou Dosye Asasina Prezidan Moise la


Ex-Minis Afe Etranje Ayisyen Claude Joseph, Sekrete Jeneral L'OEA Luis Almagro, ex-Komise Gouvenman Bedford Claude ak ex-Minis Jistis Rockfeller Vincent.
Ex-Minis Afe Etranje Ayisyen Claude Joseph, Sekrete Jeneral L'OEA Luis Almagro, ex-Komise Gouvenman Bedford Claude ak ex-Minis Jistis Rockfeller Vincent.

WASHINGTON - Kek ansyen responsab gouvènman Ayisyen an remet yon lèt bay Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo l'OEA pou mande yon "Aksyon rejyonal fas ak blokaj sistematik anket sou asasina Prezidan Jovenel Moise la.

Ex-Minis Afè Etranjè Claude Joseph, ex-Minis Jistis Rockfeller Vincent ak ex-Komisyonè Gouvènman Bedford Claude ap vizite Washington semèn sa. Yo t'al vizite katye jeneral L'OEA jodia, kote yo remet lèt la bay sekretè-jeneral la.

Lèt la, ki an franse, di yo mande aksyon sa a paske asasina a sete yon krim "transnasyonal" ki enplike plizyè peyi nan rejyon an.

"Asasina yon Prezidan Ayisyen demokratikman eli, reprezante yon menas pou demokrasi nan tout rejyon Ameriken nan. Enpinite kolektif ta sèvi pou louvri pot la pi plis pou mize, mouvman migratwa, trafik zam ak dwòg".

Haiti President Killed
Lèt 3 Anyen Responsab Gouvènman Ayisyen Voye bay Sekretè Jeneral l'OEA

Lèt la fini pou di "rechèch pou jwenn verite ak jistis pou Prezidan Jovenel Moise pa dwe ni frennen, ni bloke."

Nan yon lèt li voye bay Sekrete Jeneral l'OEA a, Minis Afè Etranjè Ayisyen an, Jean-Victor Généus eksprime sezisman li fas ak rankont li ak ansyen responsab Ayisyen yo.

Primati Ayisyen an pibliye lèt la sou kont Twitter ofisyèl li , ki an Franse.

Nous publions, ci-après, la correspondance du ministre des Affaires étrangères, SEM Jean-Victor Généus, au Secrétaire général de l’Organisation des États Américains (OEA), Monsieur Luis Almagro, à la suite de sa rencontre avec Claude Joseph, Rockfeller Vincent et Bedfod Claude. pic.twitter.com/pZJBtpYSds

— Primature de la République d’Haïti (@PrimatureHT) January 29, 2022

"Gouvènman Ayisyen an fèk aprann ak stipefaksyon ke w resevwa jodia nan syèj Oganizasyon Eta Ameriken an (OEA) yon gwoup moun ki sou pretèks yo vle fe avanse ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise, ap itilize w pou eseye destabilize Ayiti pou yo ka pousuiv objektif politik pèsonèl yo," Généus deklare.

"Sak pi etonan an, Misye Sekretè Jeneral se ke òganizasyon ou gen privilèj dirije a ap ede gouvènman an ak pwosesis difisil pou tabi ak konsolide yon klima stabilite, sekirite ak lapè pou nou ka òganize ane sa , eleksyon lib onet ak demokratik pi vit posib pou peyi a ka gen yon prezidan eli epi pèmèt enstitisyon demokratik yo rekòmanse fonksyone," li deklare.

Lèt la kontinye pou di " Sa ayisyen ap tann jodia de peyi ki rele tèt yo 'zanmi"' se santi ke yo vrèman vre gen ekyetid pou soufrans yo e ke yap apiye yo nan jefò pou pote solisyon pou pwoblèm kap trakase yo kounyea olye yo kole tet ansanm ak detraktè, pechè nan dlo twouble ki fò nan aliante an pèmanans yon sityasyon tansyon, ak sans inik pou atèn objektif pèsonèl yo. "

Li poko klè ki repons Almagro bay sou demann 3 ex-responsab yo, sepandan Jedi, li te pibliye yon mesaj ak yon foto sou kont ofisyèl Twitter li a kote li di "l'OEA re-afime volonte li pou kolabore ak Premye Minis Ariel Henry pou ranfòse sistem anti-kowipsyon an.

Desde @OEA_oficial reiteramos nuestro compromiso de colaborar con los esfuerzos del Primer Ministro @DrArielHenry en fortalecer el sistema anticorrupción de #Haití. https://t.co/iq5WlXjxoD

— Luis Almagro (@Almagro_OEA2015) January 26, 2022
XS
SM
MD
LG