Accessibility links

Breaking News

Chèf OEA a Pwomèt pou Kowopere ak Ankèt sou Etik ki lye ak Relasyon Anmourèz li ak yon Anplwaye


Sekrete Jenral Oganizasyon Eta Ameriken yo, Luis Almagro pandan yon konferans pou lapres nan 52em Asanble Jeneral l OEA nan vil Lima, Pewou, 5 Oktob, 2022.
Sekrete Jenral Oganizasyon Eta Ameriken yo, Luis Almagro pandan yon konferans pou lapres nan 52em Asanble Jeneral l OEA nan vil Lima, Pewou, 5 Oktob, 2022.

Chèf Oganizasyon Eta Ameriken yo di li pap entèfere ak ankèt sou etik enten y ap mennen pou wè si li te ann afè ak yon anplwaye OEA. Luis Almagro ensiste pou di li pat pran okenn aksyon ki favorize jèn dam lan.

Almagro fè kòmante sa a Vandredi nan kapital Pewou, nan fen rankont anyèl L OEA a. Chèf OEA a tap reyaji sou yon rapò nan Associated Press ki revele lap fè fas ak yon ankèt sou swadizan relasyon anmourez li te genyen ak yon Meksiken ki gen 20 an mwens pase l.

Anplwaye aktyèl ak ansyen anplwaye l OEA ansanm ak diplomat rejyonal di AP ke relasyon ant mesye dam yo sete yon "sekrè ouvè" - setadi tout moun kap travay nan oganizasyon an, ki gen katye jeneral li nan Washington te o kouran de li.

XS
SM
MD
LG