Accessibility links

Breaking News

Etazini Anonse Plis Sanksyon Kont Iran; Teyeran Di Lap Fè Retrè sou kèk Akò


3 me 2019, Lame lamarin Etazini deplwaye flòt, USS Abraham Lincoln nan rejyion Mayen Oryen yo ki prè pou reyaji sou Iran ta menase enterè Lèzetazini ak alye l an zòn nan.
3 me 2019, Lame lamarin Etazini deplwaye flòt, USS Abraham Lincoln nan rejyion Mayen Oryen yo ki prè pou reyaji sou Iran ta menase enterè Lèzetazini ak alye l an zòn nan.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, enpoze nouvo sanksyon sou Iran mèkredi 8 me 2019 la, kèk èdtan apre prezidan iranyen an Hassan Rouhani te deklare gouvènman li an ap wete kò li nan kèk pati yon antant lran te siyen ak 6 peyi sou pwogram nikleyè li a.

Nan yon dekrè prezidansyèl La Mezon Blanch pibliye nan menm jounen mèkredi 8 me a, Misye Trump di li pral genyen nouvo sanksyon sou pwodui metalik Iran ap ekspòte Ozetazini --pwodui tankou asye, aliminyòm, kuiv avèk fè; ekspotasyon pwodui metalik sa yo reprezante youn nan pi gwo sous revni pou Iran.

Sanksyon Lèzetazini te deja mete sou petwòl iranyen an genyen yon konsekans malouk sou ekonomi peyi azyatik la; se devaste sanksyon sa yo ap devaste komès petwòl iranyen an, ki se premye sous lajan pou otorite yo nan Teyeran.

XS
SM
MD
LG