Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Ranfòse Sanksyon Ekonomik yo sou Iran


Sekrete Deta ameriken an Mike Pompeo. Foto: 22 avril 2019.
Sekrete Deta ameriken an Mike Pompeo. Foto: 22 avril 2019.

Lèzetazini ranfòse sanksyon ekonomik yo sou Iran; li mete fen nan dispans yo jodi jedi a ; dispans ki te pèmèt kèk nan peyi ki konn achte anpil petwòl yo kontinye achte nan men Iran.

Avèk dispans sa a ki ekspire pou 8 kliyan yo, sekretè deta ameriken Mike Pompeo di Lezetazini pral egzèse presyon maksimòm sou gouvenman iranyen-an.

Lèzetazini te deja fè anons lap mete fen nan paspouki pou 5 peyi kap enpòte petwòl ki soti an Iran. Mezi sa a vize redui revni Teheran ki pat pran tan pou l reponn, kote li menase pou fèmen Detwa Hormuz la, yon pasaj estratejik pou sikilasyon machandiz nan Mwayenn Oryan an.

XS
SM
MD
LG