Accessibility links

Breaking News

Iran Ap Chache Fason pou Kontoune Sanksyon Ekonomik Etazini Enpoze l yo

Prezidan irakyen an, Barham Salih, nan mitan, ansanm ak vizitè li prezidan iranyen an, Hassan Rouhani, pase an revi gad donè lame Irak la nan Palè a nan Baghdad, Irak, lendi 11 mas 2019 la. (Foto: AP/Khalid Mohammed)

Prezidan Iranyen an Hassan Rouhani kòmanse yon viziz 3 jou ann Irak lendi 11 mas la pou l diskite sa l rele pwolonje relasyon ant 2 peyi vwazen yo.

Prezidan Iranyen an gen pou l fè chita pale ak Prezidan Irakyen an Barham Salih, Premye Minis Abdel Abdul Mehdi ak plizyè lòt ofisyèl.

Gouvènman Iranyen an gen pou l ranfòse relasyon komèsyal ak Irak pandan li konsidere Irak kòm mwayen posib pou l kontoune sanksyon ekonomik Etazini enpoze kont peyi a apre li abandone akò Nikleyè ansanm ak 5 lòt pwisans mondyal te siyen ak Teheran an 2015.

XS
SM
MD
LG