Accessibility links

Breaking News

FMI Prevwa Ekonomi Peyi Iran an Pral Sibi yon Bès


Yon sòlda Gad Nasyonal Iran an. Foto achiv: 30 jen 2018.
Yon sòlda Gad Nasyonal Iran an. Foto achiv: 30 jen 2018.

Fon monetè Entenasyonal prevwa ekonomi Iran-an ka diminye a 6 pou san ane sa-a nan moman peyi a ap fè fas a gwo presyon akoz sanksyon Etazini enpoze sou li yo.

Nan yon rapo FMI pibliye jodi lendi a, li fè konnen evalyasyon ni pou Iran ki gen ladann probabilite pou enflasyon-an depase 40 pou san --- anvan yon desizyon Etazini te pran pou mete fen nan depans li te bay pou pèmèt kèk peyi ki konn achte petwòl nan men Iran pou yo te kontinye achte malgre nouvo sanksyon ki te antre an aplikasyon ane pase a.

Administrasyon Trump la gen pou l mete fen ofisyèlman jedi kap vini la a nan asistans li te konn bay kèk peyi ki te konn achte petwol nan men Iran yo tankou la Chin, Lend, Japon, Tirki ak Kore dkj Sid.

XS
SM
MD
LG