Accessibility links

Breaking News

Nan Lacin, Epidemi Kowonaviris la Vin Tèlman Serye li Ka Fòse Otorite yo Ranvwaye Kèk Gwo Reyinyon Politik


Yon sekoris medikal nan Lachin, ke yo mete an karantèn, pou suiv si li pa enfekte ak kowonaviris la.
Yon sekoris medikal nan Lachin, ke yo mete an karantèn, pou suiv si li pa enfekte ak kowonaviris la.

Nan Lachin otorite yo lanse lide pou yo ranvwaye yon kongrè anyèl ki rele “Twa Sesyon” ki te sipoze reyini, nan mwa mas la, asanble lejislativ nasyonal la avèk komite santral k ap dirije peyi a.

Ajans nouvèl leta chinwa a, Chin Nouvèl ki bay enfòmasyon an, presize otorite yo pral pran yon desizyon final lendi pwochen sou kesyon an. Gen obsèvatè ki panse, yon fwa komite santral Pati Kominis la va fin apwouve pwopozisyon an, desizyon an ap montre ke lit kont epidemi kowonaviris la (ou maladi COVID19 la) tounen yon veritab priyorite pou gouvènman an.

Se konsa tou gouvènman an ranwaye deba ki te gen pou fèt sou kèk dosye enpòtan konsènan politik piblik peyi a –pami yo genyen bidjè militè anyèl la avèk pwojeksyon sou avni imedya ekonomi chinwaz la.

XS
SM
MD
LG