Accessibility links

Breaking News

121 Lòt Moun Mouri Anba Kowonaviris la nan Lachin


Nan yon lopital kote yap pran swen moun ki kowonaviris la frape nan Lachin.
Nan yon lopital kote yap pran swen moun ki kowonaviris la frape nan Lachin.

Komisyon sante piblik Lachin nan fè konnen jodi vandredi a 121 lòt moun pèdi lavi yo anba epidemi koronaviris la, e sa mete bilan a prèske mil 400 viktim antou.

Anmèmtan tou, komisyon an resanse 5 mil 9 nouvo ka enfeksyon.. Vis-minis sante piblik Zeng Tixin di , pandan li ptap pale ak laprès jodi a, genyen mil 716 anplwaye lasante ki trape vieis la, e ke 6 ladan yo ki deja mouri.

Apre dènye miz-a-jou sa-a, otorite medikal yo presize kamtite moun ki enfekte nan peyi a monte rive nan 63 mil 851.

XS
SM
MD
LG