Accessibility links

Breaking News

Lachin Anrejistre Anviwon 254 Moun an Plis Ki Mouri Anba Coronavirus la


Egzibisyon nan yon lopital kap pare pou resevwa pasyan ki enfekte ak coronavirus la nan Wuhan, santral Lachin, pwovens Hubei. (Foto STR / AFP). 5 fevriye 2020.
Egzibisyon nan yon lopital kap pare pou resevwa pasyan ki enfekte ak coronavirus la nan Wuhan, santral Lachin, pwovens Hubei. (Foto STR / AFP). 5 fevriye 2020.

Otorite lasante yo nan pwovens Hubei fè konnen jodi jedi a genyen 254 moun ki mouri anba epidemi koronaviris la ou COVID 19, e kantite sa a mete bilan lanmò a a mil 367 antou nan Lachin kontinantal depi mwa desanm pase a.

Responsab medikal yo anonse nouvo bilan sa a apre gouvènman chinwa presize yè mèkredi a ke kantite nouvo ka yo sibi yon bès pou yon dezyèm jou youn apre lòt.

Responsab lasante nan pwovens Hubei, ki se kote epidemi an te premye eklate, di yo chanje sistèm deteksyon yo tap itilize anvan nan tès laboratwa, pou itilize yon skanè ki atache ak yon òdinatè.

Chanjman sa a vin ogmante kantite total moun ki trape viris la, swa yon bilan ki atenn 60 mil antou sou tout teritwa chinwa a. Sant Kontwòl ak Maladi a (CDC) idantifye 26 peyi kote viris la egziste.

XS
SM
MD
LG