Accessibility links

Breaking News

Diskou Prezidan Trump sou Pwoblèm Imigrasyon sou Fwontyè ak Meksik la / Repons Palmantè Demokrat yo


Diskou Prezidan Trump sou Pwoblèm Fwontalyè Etazini ak Meksik
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:44 0:00

Diskou Prezidan Trump sou Pwoblèm Fwontalyè Etazini ak Meksik

Prezidan Donald Trump depi nan Biwo Oval Lamezon Blanch la fè yon diskou kote li pale sou enpòtans yon gwo miray li vle bati sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik la pou anpeche imigran ilegal, trafikan dwòg ak kriminèl kap fè trafik moun antre sou teritwa ameriken an.

Prezidan an fè konnen yon pakèt imigran ilegal touye sitwayen ameriken. Li di sa se yon kriz. Li fè konnen youn sou 3 fanm ak timoun soti viktim trafikan k ap chèche mennen yo ozetazini ilegalman. Pou Prezidan Trump, Miray la ap fè sitwayen legal yo gen plis sekirite. Lidè ameriken an di: Pwoblèm nan ka jwenn solisyon nan 45 minit.

Prezidan Trump ajoute:

"Anpil moun rich monte baryè pou antoure kay yo, pou pwoteje moun ki andan kay yo. Chak jou ajan sekirite fwontalyè yo arete plizyè milye imigran ilegal. Nou pa gen ase espas pou n kenbe yo. E nou pa gen okenn fason nou ka retounen yo nan peyi kote yo soti a.

Ameriken akeyi avèk fyète imigran ki antre legalman nan peyi a pou vin kontribye ak sosyete nou an. Tout ameriken boulvèse ak pwoblèm imigran ilegal sa a ki san kontwòl, yon sitiyasyon ki redui resous nou epi diminye djòb ak salè anplwaye nou yo. Moun ki pi touche yo se ameriken nwa ak latino yo. Fwontyè zòn sid la se yon tiyo pou gwo kantite dwòg pase, dwòg tout kalite tankou ewoyin kokayin elatriye.

Chak semèn anviwon 300 sitwayen nou mouri anba efè dwòg ewoyin sèlman. 90 pou san nan dwòg sa a pase sou fwontyè a yon fason ilisit.
Plis ameriken pral mouri anba efè dwòg ane sa a, e kantite a ap depase kante ameriken ki te pèdi lavi yo nan lagè Vyetnam nan."

Lidè Demokrat yo reyaji sou diskou Prezidan Trump la. Senatè Chuck Schummer di, "gen yon sèl solisyon, se separekesyon fèmti gouvènman an ak efò pou jwenn yon solisyon, pou moun ka travay."

Prezidan chanm Depite an Nancy Pelosi di, “Prezidan Trump dwe sispann kenbe pèp ameriken an ann otaj, sispann fabrike yon kriz, epi li dwe relouvri gouvènman an.”

Repons Demokrat yo ak Diskou Prezidan Trump la
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:00 0:00

XS
SM
MD
LG