Accessibility links

Breaking News

Etazini: Gouvènman Federal la sou 5èm Jou Fèmti Pasyèl li


 Yon pano dentèdiksyon nan antre Capitol Hill la ki se lokal Kongrè ameriken an pandan premye jou fèmti pasyèl gouvènman federal la. Washington, 22 desanm 2018. Foto: REUTERS/Joshua Roberts.
Yon pano dentèdiksyon nan antre Capitol Hill la ki se lokal Kongrè ameriken an pandan premye jou fèmti pasyèl gouvènman federal la. Washington, 22 desanm 2018. Foto: REUTERS/Joshua Roberts.

Fèmti pasyèl gouvènman federal la antre nan 5èm jou l nan moman Prezidan Donald Trump anonse gouvènman an pap relouvri toutotan Demokrat yo pa ba l, 5 milya dola pou konstriksyon miray pou separe Meksik ak Etazini.

Prezidan Trump ki te pran lapawòl apre li te fin pale ak sòlda ameriken ki kantone nan peyi etranje deklare, "Mwen pa kapab di ki jou ajans gouvènman konsène yo ap relouvri. Mwen kapab di w y ap relouvri sèlman lè m jwenn lajan pou konstri miray la ou byen kloti a. Nou bezwen miray la pou n anpeche imigran ilegal antre nan peyi a menm jan ak trafikan dròg."

2 lidè Demokrat lonje dwèt sou Prezidan Trump yo di ki plonje peyi a nan kawo. Lidè sa yo deklare Administrasyon Trump la pa menm depanse yon tikraze nan lajan sekirite fwontyè nou te ba li ane pase. Donk fèmti gouvènman Trump la pa gen anyen pou wè ak sekirite. Se poutèt li mande plizyè milya dola pou konstriksyon yon miray ki koute twò chè, inefikas ke majorite pèp ameriken an pa sipòte.

XS
SM
MD
LG