Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Sanbe Ap Fè Bak sou Menas pou L Fèmen yon Pati nan Gouvènman Ameriken an

Prezidan Donald Trump ki t ap pale pandan yon rankont avèk lidè demokrat kongrè a nan Biwo Oval La Mezon Blanch la nan Washington. (Foto: AP Photo/Evan Vucci, 11 desanm 2018).
Prezidan Donald Trump ki t ap pale pandan yon rankont avèk lidè demokrat kongrè a nan Biwo Oval La Mezon Blanch la nan Washington. (Foto: AP Photo/Evan Vucci, 11 desanm 2018).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, sanble ap fè bak sou menas li te fè pou l fèmen yon gwo pati nan gouvènman federal la vè fen semèn sa a. Se enpresyon La Mezon Blanch bay lè li fè konnen kounye a prezidan an ap tann pou l wè ki konpwomi lidè repibliken ak demokrat nan Kongrè a kapab jwenn pou evite yon fèmti administrasyon piblik la.

Prezidan an mande palmantè yo vote 5 milya dola kòm lajan ki pou finanse yon miray li vle konstwi sou fwontyè amerikano-meksiken an; sepandan lidè demokrat yo ni nan Sena a ni nan Chanm Depite a deklare yo pa p vote pou bay lajan sa a. Si Misye Trump pa jwenn satisfaksyon, li difisil pou prevwa egzatteman si l pral kite gouvènman an fèmen, paske rive vandredi swa, a minui, yon ka nan tout biwo leta federal la pa p gen kòb pou yo fonksyone puiske bidjè yo ap fini.

Lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer (D-N.Y.), Sen. Patty Murray (D-Wash.), Sen. Debbie Stabenow (D-Mich.), ak Sen. Dick Durbin (D-Ill.), vis lidè Pati Demokrat nan Sena a, nan yon konferans pou laprès sou posiblite yon fèmti pasyèl govènman an.

Sa te vle di tou yon afè de 800 mil anplwaye federal t ap oblije rete lakay yo san travay e san touche; oubyen, si yo se anplwaye ki esansyèl pou sekirite peyi a ak pou sove lavi moun, yo t ap ale travay san yo pa konnen kilè y ap resevwa chèk yo.

Sarah Sanders, pòtpawòl La Mezon Blanch, di jounalis yo, nan apremidi madi 18 desanm 2018 la, gen lòt mwayen pou prezidan an jwenn kòb la; men li pa bay presizyon. An tou ka, daprè kèk obsèvatè, daklarasyon sa a vle di La Mezon Blanch pare pou l aksepte yon konpwomi epi evite fèmti gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG