Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Federal Etazini an Kapab Fèmen Vandredi 21 Desanm 2018 la


Siyn "Ara Closed" oubyen "Zòn sa a Fèmen" te devan Kongrè ameriken an nan dat 22 janvye 2018, swa 3èm jou fèmti gouvènman federal la nan kòmansman ane a.
U.S. Capitol building is seen during the third day of a government shutdown in Washington
Siyn "Ara Closed" oubyen "Zòn sa a Fèmen" te devan Kongrè ameriken an nan dat 22 janvye 2018, swa 3èm jou fèmti gouvènman federal la nan kòmansman ane a. U.S. Capitol building is seen during the third day of a government shutdown in Washington

Yon ka nan tout administrasyon piblik la Ozetazini (san bliye konsil ak anbasad yo ki, natirèlman, baze nan peyi etranje) byen kapab fèmen pòt yo a pati de minui, lè Washington, vandredi 21 desanm 2018 la si La Mezon Blanch (kidonk, pouvwa egzekitif la) avèk 2 chanm Kongrè a pa antann yo sou yon nouvo plan depans piblik ki pou gen ladan l fon lajan pou finanse yon miray Prezidan Donald Trump vle konstrui sou tout longè fwontyè amerikano-meksiken an.

Depans piblik pou 3 ka biwo leta federal yo deja apwouve pou jous mwa septanm 2019; men, alokasyon lajan ki poko jwenn yon vòt pozitif nan tou lè 2 chanm kongrè a, se bidjè Depatman Sekirite Enteryè a (an anglè Department of Homeland Security) plis lajan pou konstriksyon yon miray sou fwontyè ki separe tèritwa ameriken an avèk Meksik –miray ki te reprezante prensipal tèm kanpay elektoral 2016 la ki te mennen Donald Trump sou pouvwa a.

Sepandan, lidè Demokrat yo nan Kongrè a avèk kèk manm Pati Repibiliken an –pati Prezidan Trump la- pa dakò pou yo vote e mete 5 milya dola a la dispozisyon administrasyon an kòm depo, kòm avans sou yon afè de 20 milya dola miray la kapaba koute; opozisyon sa a lage gwo dout sou posiblite pou konstriksyon mi sa a tounen yon reyalite…

Avèk bidjè Kongrè a te apwouve pou ane fiskal 2018 la, Demokrat yo te ofri koukou yo pou 2 chanm yo vote yon milya 600 milyon dola pou antretyen avèk reparasyon baryè, lantiray plis tout lòt kalite konstriksoyn ki deja egziste kòm lizyè fwontyè ant 2 peyi yo, e non pa nesesèman pou konstrui yon miray.

Si hinghang politik sa a debouche tout bon sou yon fèmti gouvènman an, yon afè de 380 mil anplwaye leta federal ameriken an pral rete lakay yo san travay e san touche 5 kòb pandan yo pa p travay la (se sa yo rele an angle "anplwaye ki nan furlough". Pandansetan, 420 mil anplwaye otorite yo konsidere kòm fonksyonè esansyèl dwe ale travay kanmèm menmsi yo pa konnen ki lè yo pral resevwa chèk yo.

Femti gouvènman an te dwe rive deja depi nan dat 7 desanm pase a; men gouvènman an te deside ranvwaye l pou 2 semèn akoz lanmò ansyen Prezidan George Bush Pè ak preparasyon ki te nesesè pou ba li yon antèman ofisyèl.

Lidè Demokrat yo nan Sena a, Chuck Schumer, di pati l la pral bloke tout nouvo plan depans piblik, eksepte si plan sa a gen ladan l yon lejislasyon ki pwoteje pwokirè espesyal Robert Mueller k ap mennen ankèt sou kesyon pou konnen si Larisi te mele nan eleksyon prezidansyel 2016 la pou ede Donald Trump ranpòte laviktwa, epi si, an tan ke prezidan, Misye Trump te chache mete baton nan wou lajistis ki t ap mennen ankèt sou dosye a.

Nouvel yo di menmsi gouvènman federal la fèmen, sa pa t ap gen okenn konsekans sou ankèt Mèt Mueller ap mennen an, paske finansman li sòti nan yon fon lajan ki pa bezwen vòt Kongrè a pou yo renouve li.

-------------------------------------------------------------------------------

Okenn siyn piblik pa parèt nan jounen lendi 17 desanm 2018 la pou montre kòmkwa 2 pati yo ta rive jwenn yon antant pou mete fen nan enpas sou depans piblik gouvènman ameriiken an ki menase pou l fèmen yon pati nan biwo federal yo vandredi pwochen a minui. La Mezon Blanch pa bay pyès ide sou ki dimansyon bidjè li ta aksepte pou evite blokaj yon ka nan operasyon gouvènmantal yo. Annatandan, mezantant la ap kontinye sou pwopozisyon Prezidan Donald Trump fè pou Kongrè a mete a la dispozisyon gouvènman li a lajan ki nesesè pou konstwi yon miray pou anpeche migran antre Ozetazini pa bann a pa pakèt.

XS
SM
MD
LG