Accessibility links

Breaking News

Etazini : Prezidan Donald Trump Envite Palmantè Repibliken kou Demokrat nan yon seyans Enfòmasyon Nan Lamezon Blanch


President Of The United States: Donald J.TRUMP
President Of The United States: Donald J.TRUMP

Prezidan Donald Trump lanse yon envitasyon bay lidè demokrat ak reoubliken nan kongrè a pou sa lamezon balnch konsidere kòm yon reyinyon denfòmasyon nan dat 2 janvye 2019 alòske fèmti pasyèl gouvènman federal la antre nan 12zyèm jounen li.

Moun atann yo aske lidè majorite reoubliken nan sena a Mitch McConnell reponn prezan alapèl, men pèsonn poko konnen aklè si kan demokrat la limenm pral vin asiste seyans la oubyen si 2 pati yo pral pwofite de rankont-la pou fè negosyasyon pou reouvè gouvènman-an.

Demokrat yo gen pou pran kòn-nan kòm pati majoritè nan chanm depite a lè kongrè a re-ouvè ofisyèlman nan dat 3 janvye kap vinn la a. Antretan, prezidan chanm bass Nancy Pelosi ap pare pou soumèt 2 pwopozisyon-lwa ki vize finanse pifò ajans ki fèmen nan gouvènman federal la.

XS
SM
MD
LG