Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ameriken an Fèmen Pasyèlman Annatandan Kongrè a ak Laprezidans Jwenn yon Antant sou Bidjè a


Jamie Parrish, ki soti Minneapolis, ap pran yon selfie ak ansèy ki anonse gouvènman fèmen e ki devan achiv Nasyonal la nan Washington DC. 22 desanm 2018.
Jamie Parrish, ki soti Minneapolis, ap pran yon selfie ak ansèy ki anonse gouvènman fèmen e ki devan achiv Nasyonal la nan Washington DC. 22 desanm 2018.

Gouvènman federal ameriken an fèmen pasyèlman apre Kongrè a pa jwenn yon antant sou bidjè a ak administrasyon Trump la pou finanse fonksyonman ajans konsène yo.

Sena a vote kont bidjè modifye chanm depite a te adopte ki gen ladan 5 milya dola prezidan Trump te mande pou konstriksyon yon miray sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik. Prezidan an te poze 5 milya dola a kòm kondisyon pou l siyen pwopozisyon lwa bidjè a.

Lidè ameriken an rann senatè demokrat yo responsab fèmti pasyèl gouvènman an. Demokrat yo di se prezidan an ki responsab. Sa fè 3èm fwa gouvènman federal la fèmen sou administrasyon Trump la.


Prezidan an te deklare vandredi 21 desanm nan, gouvènman an kapab fèmen pou yon bout tan si Sena a pa aprouve bidjè modifye chanm depite a ak tout 5 milya dola a. Pèsonèl ajans konsène ki enpòtan e ke mezi sa a afekte tankou Lavwadlamerik ap kontinye travay san yo pa konnen ki lè yap resevwa salè yo.

Ajans sa yo ap rete fèmen pou anplwaye non-esansyèl yo jiskaske pati konsène yo jwenn yon solisyon pou finanse fonksyonman gouvènman an.
Demokrat yo ap pran kontwòl canm depite a nan Kongrè a nan kòmansman janvye 2019 la pandan Ssena a ap toujou rete anba kontwòl repibliken yo.

XS
SM
MD
LG