Accessibility links

Breaking News

DeSantis Pare pou Anonse Kanpay a la Prezidans li


Foto Achiv: Gouvene eta Florid Ron DeSantis reyaji pandan yon diskou devan palman eta a nan Tallahassee, 7 Mas, 2023.
Foto Achiv: Gouvene eta Florid Ron DeSantis reyaji pandan yon diskou devan palman eta a nan Tallahassee, 7 Mas, 2023.

Gouvènè Florid Ron DeSantis pare pou lanse kanpay a la prezidans li pou eleksyon 2024 la Mèkredi.

Gouvènè Repibliken an, ki gen 44 an, se yon konsèvatè kiltirèl ke moun konsidere kom prensipal rival Donald Trump pou nominasyon pati Repibliken an.

Li gen entansyon anonse desizyon li nan yon konvèsasyon sou rezo Twitter a ak PDG Elon Musk.

Evenman sa a ke moun ap ka tande sèlman pral difize sou Twitter Spaces apati 6 zè aswè a (lè Washington ak Potoprens).

DeSantis ap rejwenn yon gwoup politisyen Repibliken ki deja di yap postile pou nominasyon pati a. Konpetisyon sa a pral detèmine si pati Repibliken an ap ekate l ak Trump an 2024 nan moman lap goumen pou reprann kontwol Lamezonblanch nan men Prezidan Joe Biden.

XS
SM
MD
LG