Accessibility links

Breaking News

Florid Kontinye Rapatriye Migran Ilegal


Otobis kap transpote migran Kiben kite katye jeneral Sekte Key West Gad Kot Etazini an, Jedi 5 Janvye 2023.
Otobis kap transpote migran Kiben kite katye jeneral Sekte Key West Gad Kot Etazini an, Jedi 5 Janvye 2023.

Gad Kòt Etazini rapatriye 273 migran nan Matanzas, Kiba pandan wikèn nan apre yo te ranmase yo sou lanmè tou pre zile Florid yo.

Depi mwad Out la, gen plis pase 4,400 migran ki soti Kiba ak Ayiti ki rive nan Florid pa bato.

Pandan wikèn joudlan an, plis pase 700 migran Kiben pou pifò te debake nan zile Florid yo.

Sa te lakoz Gouvènè Ron DeSantis te mobilize Vandredi Gad Nasyonal Florid la.

Gad Nasyonal la pa reponn demann Associated Press fè Lendi pou kòmantè. Sepandan, gouvènè a di li pral deplwaye avyon, elikoptè ak patwouy maritim nan zòn nan pou "apiye entèdiksyon sou lanmè epi asire sekirite migran yo."

XS
SM
MD
LG