Accessibility links

Breaking News

DeSantis Siyen yon Lwa Ki Otorize Moun Florid Mache ak Zam Kache San Pèmi


ELECCIÓN 2024-DeSANTIS
ELECCIÓN 2024-DeSANTIS

TALLAHASSEE, Fla. (AP) — Sitwayen yo nan eta Florid pral kapab pote zam kache nan machin yo oubyen anba rad san yon pèmi dapre yon pwojè lwa ke Gouvènè Repibliken an Ron DeSantis siyen.

DeSantis te siyen lwa sila a Lendi pandan yon seremoni prive apre Lejislati a te apwouve l Jedi.

Li pral pèmèt nenpòt moun ki kapab posede yon zam legalman nan Florid pote youn san pèmi.

Sa vle di on moun pa bezwen pran fòmasyon ni pase etap yon chèk sekirite pou pote zam kache an piblik.

Kounye a, nan Florid gen prèske 3 milyon moun ki gen pèmi pou zam.

Lwa a finalman rive siyen senk ane apre Gouvènè Rick Scott, yon Repibliken, te siyen yon pwojè-lwa ki kreye restriksyon sou zam apre 17 etidyan ak pwofesè yo te mouri nan lise Marjory Stoneman Douglas nan Parkland an 2018.

XS
SM
MD
LG