Accessibility links

Breaking News

Donald Trump Tounen Premye ansyen prezidan Etazini ki fè fas ak Akizasyon kriminèl


ဖေလာ္ရီဒါျပည္နယ္ West Palm Beach ကိုထြက္ခြာမယ့္ ေလယာဥ္ေပၚမွာ သတင္းေထာက္ေတြကို စကားေျပာေနတဲ့ အေမရိကန္သမၼေဟာင္း ေဒၚနယ္ထရမ့္ပ္ (မတ္ ၂၅၊ ၂၀၂၃)
ဖေလာ္ရီဒါျပည္နယ္ West Palm Beach ကိုထြက္ခြာမယ့္ ေလယာဥ္ေပၚမွာ သတင္းေထာက္ေတြကို စကားေျပာေနတဲ့ အေမရိကန္သမၼေဟာင္း ေဒၚနယ္ထရမ့္ပ္ (မတ္ ၂၅၊ ၂၀၂၃)

Apre yo te fin vote pou destitye li 2 fwa men san kondanasyon, Donald Trump tounen premye ansyen prezidan Etazini ki fè fas ak akizasyon kriminèl.

Nan yon aksyon ki pa te janm fèt anvan nan istwa Etazini, yon gran jiri nan New York vote jedi pou akize Trump ofisyèlman pou lajan ke li ta peye yon akris fim porno pandan kanpay li pou prezidan an 2016.

Akizasyon yo ke anpil moun ap tann vini nan moman Trump ap chache retounen nan Mezon Blanch apre li te fin pèdi yon efò pou re-eleksyon an 2020. Kidonk se sèl prezidan, aktyèl oswa ansyen, e sèl kandida pou prezidan tou, ki tonbe anba akizasyon ofisyèl nan tribunal.

Akizasyon an rete sekrè e li pa klè ki krim e pou konbe zak yo repwoche Trump. Chèn televizyon CNN rapòte ke ansyen prezidan an anba plis pase 30 akizasyon.

Aksyon sa a kont Trump soulve anpil divizyon nan milye politik Etazini. Repibliken parèy li anvayi komisè gouvènman New York la ak kesyon pou sa ki, dapre sa yo di, se senpman atak yon pati politik, e Demokrat yo di pèsonn pa ta dwe gen dwa pi wo pase lalwa.

Menm Repibliken ki vle kandida an 2024 anfas Trump pou nominasyon ofisyèl pati a defann li.

Gouvènè Florid Ron DeSantis ki ka kandida pou prezidan, di li p ap travay ak otorite New York yo pou ekstrade Trump e voye li ba yo. Li akize komisè gouvènman New York Alvin Bragg, yon Demokrat, kòmkwa l-ap deplwaye sistèm legal la pou « vanse yon ajennda politik. »

Kandida Nikki Haley, ki se asyen anbasadè Etazini nan Nasyon Zini sou Trump, di akizasyon an plis yon afè revanj olye de jistis.

XS
SM
MD
LG