Accessibility links

Breaking News

Pwosè Rapè Pras Michel ap Kontinye nan Washington


Atis Ayisyen-Ameriken Prakazrel (Pras) Michel ki te manm gwoup Fugees la, ak avoka li David Kenner rive nan tribinal federal Washington nan 30 Mas 2023, pou ouveti pwose li.
Atis Ayisyen-Ameriken Prakazrel (Pras) Michel ki te manm gwoup Fugees la, ak avoka li David Kenner rive nan tribinal federal Washington nan 30 Mas 2023, pou ouveti pwose li.

Avoka gouvènman federal yo akize atis rapè Ayisyen Ameriken Prakazrel Michel ke fanatik yo konnen sou non Pras dèske li mele nan konplo politik pou plizyè milyon dola lajan etranje pandan 2 administrasyon Ameriken.

Pwosè Pras Michel la tanmen Jedi ak deklarasyon prensipal avoka yo.

Lajistis Etazini akize Michel dèske li te resevwa lajan nan men yon finansye peyi Malezi ki kouri kite Etazini epi kontribye lajan sa a atravè sa Ameriken yo rele "straw donor" sètadi donatè ki sèvi ak lajan li resevwa pou fè yon kontribisyon politik nan non pa li, ki se yon bagay ki ilegal Ozetazini.

Lajan ilegal te rive jwenn kanpay pou re-eli Barack Obama an 2012.

5 ane pi ta, avoka yo di Michel te eseye pran tèt otorite yo pou yo kite tonbe yon ankèt yo tap mennen kont finansye a epi konvenk administrasyon Donald Trump la, ki te o pouvwa nan epok la pou li voye tounen nan Lachin, yon moun ki tap kritike gouvènman an.

Avoka Michel yo deklare li inosan, epi trè desi fas ak akizasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG