Accessibility links

Breaking News

Trump vs DeSantis: Rival Repibliken yo Adopte Stil Kanapay ki Konplètman Diferan


Ex-Prezidan Donald Trump (a goch) ak Gouvene eta Florid Ron DeSantis.
Ex-Prezidan Donald Trump (a goch) ak Gouvene eta Florid Ron DeSantis.

Gouvènè eta Florid la Ron DeSantis se youn pami politisyen ki anvizaje postile pou prezidans la ke analis yo konsidere tankou moun ki ogmante pouvwa li vizavi politik nasyonal pandan li evite koneksyon pesonèl, moman entim ak kestyon sanzatann ki konn afekte moun ki vle antre nan kous prezidansyèl la.

Rival DeSantis yo, ki gen a la tèt yo Prezidan Donald Trump, ap travay pou mete aksan sou atitud misye ki mete l o zeka ak rès gwoup la pandan lap mennen kanpay.

Alye li yo ensiste DeSantis pa bezwen chanje anyen e yo souliyen gwo viktwa li te ranpote ane pase a le li te re-eli gouvènè.

Sepandan risk ki poze pou DeSantis komanse vinn pi evidan nan ti eta riral tankou pa egzanp Iowa, New Hampshire ak Kawolin di Sid, ki pral oganize premye eleksyon primè yo nan ane 2024.

XS
SM
MD
LG