Accessibility links

Breaking News

Pence di Trump 'te mete fanmi mwen an danje' nan 6 janvye a


PENCE-TRUMP
PENCE-TRUMP

WASHINGTON (AP) — Ansyen Vis Prezidan Etazini Mike Pence lanse pi gwo kritik li kont ansyen Prezidan Donald Trump pou wòl li te jwe nan revòlt ki te fèt nan dat 6 janvye nan Kapitòl Etazini an.

Pence fè deklarasyon sa yo Samdi nan dine ke Club Gidiron òganize chak ane, kidonk li te pale konsa an prezans plizyè politisyen ak jounalis nan Washington.

Pence te di, « Mwen pa t gen dwa ranvèse rezilta eleksyon an.

Epi pawòl ensousyan li yo te mete fanmi mwen an danje asanm ak tout lòt moun ki te prezan nan Kapitòl la jou sa a. »

Ansyen vis prezidan an ajoute, "Epi mwen konnen listwa ap kenbe Donald Trump kòm responsab."

Pence ka defye Trump pou jwenn nominasyon pati Repibliken an pou eleksyon prezidansyèl ane ki ap vini an.

XS
SM
MD
LG