Accessibility links

Breaking News
Azi

Biden di Etazini ta Entèveni Militèman pou Defann Taiwan


Prezidan Joe Biden pale pandan yon konferans pou lapres ak Premye Minis Japone Fumio Kishida nan Pale Akasaka a, Lendi, 23 Me 2022 nan Tokyo.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon konferans pou lapres ak Premye Minis Japone Fumio Kishida nan Pale Akasaka a, Lendi, 23 Me 2022 nan Tokyo.

Prezidan Joe Biden deklare Etazini ta entèveni militèman si La Chin ta anvayi Taiwan.

Se youn nan deklarasyon ki gen plis fos yon prezidan Ameriken janm fè pou apiye dwa Taiwan genyen pou'l dirije tèt li nan plizyè deseni.

Biden te fè deklarasyon sa a pandan yon konferans pou laprès nan vil Tokyo. Li di responsabilite pou pwoteje Taiwan "pi enpotan" apre envazyon La Risi fè nan Ikrèn.

D'abitid, Etazini konn evite fè komantè konsa ki garanti sekirite Taiwan, paske li pa gen yon trete defans mityèl ak peyi sa a.

Komantè Biden yo soulve kritik bo kote La Chin, ki konsidere Taiwan tankou yon pwovens chinwa rebèl.

XS
SM
MD
LG