Accessibility links

Breaking News

Biden Defann Desizyon li Pou l Vizite Arabi Saoudit nan yon Editoryal


Prezidan Joe Biden kite leglz katolik St. Edmund nan Rehoboth Beach, yon vil vakans nan eta Delaware, Samdi 9 Jiye, 2022.
Prezidan Joe Biden kite leglz katolik St. Edmund nan Rehoboth Beach, yon vil vakans nan eta Delaware, Samdi 9 Jiye, 2022.

Prezidan Joe Biden defann desizyon li pran pou'l vizite Arabi Saoudit nan yon editoryal ki pibliye nan jounal.

Nan editoryal la, ki parèt nan jounal The Washington Post Dimanch, Biden ensiste pou di depi lontan li apiye refom e ke lap chache "re-oriyante pa kraze" relasyon ak yon patnè estratejik Etazini genyen depi lontan.

N'ap fè remake ke editoryal Biden nan parèt nan seksyon opinyon Washington Post pibiye Dimanch, ki se menm kote atik jounalis Saoudyen Jamal Khashoggi, ke ajan Saoudyen te asasinen an 2018, te konn parèt.

Nan editoryal la, Biden di li reponn asasina jounalis la ak sanksyon ak lot aksyon anko.

Prezidan Ameriken an sipoze rankontre ak Prens Saoudyen Mohammed bin Salman, ke rapò sèvis ransèyman Etazini lye ak asasina a.

XS
SM
MD
LG