Accessibility links

Breaking News

Biden Remèt Meday Libète a bay Biles, McCain, Giffords


Prezidan Joe Biden remet pi gwo one sivil la, Meday Libete Prezidansyel la, bay jimnaz Simone Biles pandan yon seremoni nan Lamezonblanch nan Washington, Jedi 7 Jiye, 2022.
Prezidan Joe Biden remet pi gwo one sivil la, Meday Libete Prezidansyel la, bay jimnaz Simone Biles pandan yon seremoni nan Lamezonblanch nan Washington, Jedi 7 Jiye, 2022.

Prezidan Joe Biden prezante pi gran onè yon sivil Ameriken ka resevwa bay 17 moun - pami yo atlèt jimnastik Olenpik Simone Biles, aktè Denzel Washington ak defen Senatè Repibliken eta Arizona John McCain.

Biden ak McCain te travay ansanm nan Sena a.

Prezidan an, ki te monte sou pouvwa a pandan pandemi kowonaviris la, onore tou Sandra Lindsay. Lindsay se yon enfimyè vil Nouyok ki te resevwa premye doz vaksen COVID-19 ke yo te administre Ozeetazini.

Lot moun ki resevwa meday jodia se Gabrielle Gifford, yon ansyen palmantè ki se yon militan sekirite zam, jwèz vedèt ekip nasyonal foutbol feminen Ameriken Megan Rapinoe epi defen ko-fondatè Apple la, Steve Jobs.

XS
SM
MD
LG