Accessibility links

Breaking News

Biden Chante Lwanj Lwa Enfrastrikti a Kòm 'Kokenn Chenn Pa Ann Avan'


Prezidan Jose Biden fe blag ak jounalis yo pandan lap pale sou lwa enfrastriki a ke Demokrat ak Repibliken apwouve nan Mezon Blanch, 6 Nov. 2021.
Prezidan Jose Biden fe blag ak jounalis yo pandan lap pale sou lwa enfrastriki a ke Demokrat ak Repibliken apwouve nan Mezon Blanch, 6 Nov. 2021.

Prezidan Joe Biden bat bravo pou Kongrè a, apre li apwouve pwojè lwa enfrastrikti li a ki vo $1 trilyon. Biden dekri apwobasyon an tankou yon "kokenn chenn pa ann avan pou peyi a."

Lwa a vinn apwouve apre kèk Demokrat ki te refize apiye lwa a te rezoud pwoblèm yo epi deside apwouve'l. Lwa a reprezante yon envestisman istorik ke Biden konpare pa rapo ak lajè li ak konstriksyon sistèm otowout nasyonal la pandan dènye syèk la oubyen konstriksyon ray tren transkontinantal la syèk anvan sa.

Apwobasyon lwa a vle di lap rive wou biwo prezidan an nan moman kote popilarite li pami elektè Ameriken yo bese. Met sou sa, kandida demokrat yo pat tèlman resevwa akolad chalere nan eleksyon ki dewoule Madi 2 Novanm nan.

XS
SM
MD
LG