Dè milyon Ameriken ki travay pou konpayi ki gen plis pase 100 anplwaye ap oblije vaksinen kont maladi COVID-19 la anvan 4 Janvye, 2022. Si yo pa fè sa, fok yo sibi tès pou viris la chak semen.
Nouvo règleman gouvènman an parèt jodi Jedi a. Administrasyon ki jere Sekirite ak Sante nan Lye Travay Ozetazuni deklare konpayi ki pa respekte règ sa a taka fe fas ak penalite de plis pase 14 mil dola pou chak vyolasyon.
Prezidan Biden te anonse li tapral fè sa nan mwad Septanm nan. Nouvo règ la pral aplike pou 84 milyon travaye Ameriken nan konpayi mwayen ak gwo konpayi.
Li poko klè konbyen pami moun sa yo poko pran vaksen an.
Yon gwo responsab Ameriken di ajans la pral vize kek konpayi an patikilye si li resevwa plent.
Yon lòt kote, Etazuni komanse vaksinen timoun ki gen ant 5 ak 11 zan kont COVID-19.
Madi semèn sa a Sant Kontwol ak Prevansyon Maladi a CDC, te apwouve piku Pfizer / BioNTech la pou timoun yo, 4 jou apre Administrasyon ki Kontwole Manje ak Medikaman kap vann Ozetazuni - FDA - te fe mèman parèyman.
Genyen disponib selman 15 milyon vaksen pou timoun yo pou kounyea. Ap gen plis vaksen nan klinik pedyat yo ak famasi semèn pwochèn.
Gen 58 pousan Ameriken ki vaksinen konplètman kont COVID kounyea. 28 milyon timoun ki gen mwens pase 12 zan pat elijib anvan sa.
Piku 10 mikwogram Pfizer BioNTech la otorize pou timoun lekòl yo e li ofri yo pwoteksyon kont varyan Delta a kap fè ravaj Ozetazuni epi lakoz yon pakèt timoun kouche lopital.
Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters