Accessibility links

Breaking News

Vaksinen Timoun yo? "Wi ou Non" Plizyè Paran Ameriken ap Lite ak Desizyon sa a


Vacunación EEUU
Vacunación EEUU

Paran Ameriken yo ap debat si yo dwe vaksinen pitit yo kont Covid-19 ou pa apre FDA bay otorizasyon pou itize vaksen Pfizer-BioNTech la pou timoun piti.

FDA bay Otorizasyon pou itilize vaksen Pfizer-BioNTech la pou timoun ki gen laj 5 a 11 ane, yap prepare yo pou vaksinen plis pase 28 milyon timoun Ozetazini.

Deplwaman vaksen an ka kòmanse osito ke semèn sa a. Sant Prevansyon Maladi a, CDC, espere bay limyè vèt la, apre yon reyinyon li pral fè pou diskite pi plis sou rekòmandasyon yo.

Depi pandemi sa a komanse Ozetazini, gen apeprè 8,300 timoun nan laj ant 5 a 11 zan ki te entène lopital ki akoz maladi sa a.

Chif sa yo konparativman ba nou yon total de 45.8 milyon ka ak plis pase 745,000 moun ki mouri nan peyi Etazini.

Nan moman Etazini ap sòti nan dènye vag kowonaviris li la, gen prèske 58% popilasyon an ki deja pran vaksen an konplètman, men toujou gen ezitasyon bo kote anpil moun.

Ak nouvo otorizasyon an, fokis la se sou paran yo li ye, epi sou kestyon pou konnen si yo pral deside vaksinen timoun yo?

© Ajans Lafrans Presse

XS
SM
MD
LG