Accessibility links

Breaking News

Ameriken yo Rann Jeneral Colin Powell yon Dènye Omaj Solanèl e Grandyoz


Sekèy Jeneral Colin Powell ak drapo ameriken an sou li pandan yo t ap sòti avèk li nan Katedral Nasyonal la nan Washington, D.C., vandredi 5 novanm 2021 an. (Foto: AP/Manuel Balce Ceneta).
Sekèy Jeneral Colin Powell ak drapo ameriken an sou li pandan yo t ap sòti avèk li nan Katedral Nasyonal la nan Washington, D.C., vandredi 5 novanm 2021 an. (Foto: AP/Manuel Balce Ceneta).

Te prezan nan antèman an manm 2 pati politik yo ak tout branch fòzame yo. Pami yo te gen ansyen Prezidan George W. Bush ak Barack Obama; 3 ansyen sekretè deta: J. Baker, C. Rice ak H. Clinton; ansyen Sekretè Defans Robert Gates; aktyèl kòmandan wot eta majò a, Jeneral Mark Milley, elatriye.

Nan jounen vandredi 5 novanm 2021 an, fanmi, zanmi ak ansyen kòlèg Jeneral Colin Powell te reyini nan Katedral Nasyonal la, nan kapital federal Lezetazini an, Washington, pou onore li nan okazyon antèman li.

Jeneral Powell, ki se premye nwa-ameriken ki okipe pòs Sekretè Deta Lèzetazini, te mouri nan dat 18 oktòb pase a lè li te sikonbe anba maladi KOVID-19. Li te gen 84 tran.

Seremoni antèman an te rasanble diyitè ak zanmi ki se manm tou le 2 pati politik yo -repibliken ak demokrat- e nan tout branch fòzame amerikèn yo. Pami yo te genyen ansyen Prezidan George W. Bush ak Barack Obama; 3 ansyen sekretè deta: James Baker, Condoleezza Rice ak Hillary Clinton; ansyen Sekretè Defans Robert Gates; aktyèl kòmandan an chèf wot eta majò a, Jeneral Mark Milley, avèk lòt ofisye wo-grade nan eta majò a.

Nou pwopoze w yon repòtaj avèk Lyonel Desmarattes.

Seremoni antèman Jeneral Colin Powell nan Washington, D.C., vandredi 5 novanm 2021.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:43 0:00

XS
SM
MD
LG