Accessibility links

Breaking News

Beyonce Ranpòte 9 Nominasyon pou Pri Grammy


Foto Achiv: Beyonce nan 63em seremoni anyel pri Grammy yo nan Los Angeles, 14 Mas, 2021.
Foto Achiv: Beyonce nan 63em seremoni anyel pri Grammy yo nan Los Angeles, 14 Mas, 2021.

Beyonce antre nan ran pi bon pami pi bon loreya pri Grammy yo jodia.

Chantez la ap mennen ak 9 nominasyon pou pri Grammy Madi, kivledi li egal ego ak mari li Jay-Z ki se atis ki ranpòte plis nominasyon pou pri grami nan listwa. Kounyea yo tou le 2 gen 88 nominasyon an total yo chak.

Kendrick Lamar limenm ranpote 8 nominasyon, tandiske Adele ak Brandi Carlile ranpote 7 yo chak.

Harry Styles, Mary J. Blige, Future, DJ Khaled, Randy Merrill ak The-Dream ranpote 6 nominasyon.

Seremoni remiz pri Grammy a pral dewoule 5 Fevriye nan Los Angeles.

Preske mwatye atis ki ranpòte nominasyon ane sa a se fanm, e plis pase mwatye nan yo se moun ki pa blan.

XS
SM
MD
LG