Accessibility links

Breaking News

Taylor Swift Ranpòte Pi Gwo Pri MTV a, Anonse yon Nouvo Albòm


Taylor Swift aksepte pri pou Videyo Ane a pou "All Too Well" nan seremoni remiz pri videyo mizikal MTV a, VMA Dimanch, 28 Out 2022 nan Newark, New Jerze.
Taylor Swift aksepte pri pou Videyo Ane a pou "All Too Well" nan seremoni remiz pri videyo mizikal MTV a, VMA Dimanch, 28 Out 2022 nan Newark, New Jerze.

Atis Taylor Swift ranpòte pi gwo pri a nan sermoni remiz pri videyo mizikal MTV a, VMA - a savwa Videyo Ane a. Apre sa li fè tout moun sezi lè li anonse li gen yon nouvo albòm.

Vedèt pòp la deklare Dimanch swa, ke nouvo albòm ni ap soti 21 Oktòb.

Li revele sou rezo sosyal li ke 10èm albòm ni rele "Midnights" (minui).

Anons la fèt apre yon diskou kote li te aksepte pri li epi chante lwanj lòt fanm ki tap fe konpetisyon avèl - Doja Cat epi Olivia Rodrigo.

Atis Jack Harlow ak Nicki Minaj te non selman ko-anime sware a men yo te pèfòme epi ranpòte pri tou.

XS
SM
MD
LG