Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan J. Mouse Vle yon Gouvènman Douvèti Prese-Prese ak Joute Joseph nan Tèt li


Prezidan ayisyen an Jovenel Moise pandan li tap bay yon jounalis media Reuters yon entèvyou nan Palè nasyonal. 11 janvye 2020. Foto: REUTERS/Valerie Baeriswy
Prezidan ayisyen an Jovenel Moise pandan li tap bay yon jounalis media Reuters yon entèvyou nan Palè nasyonal. 11 janvye 2020. Foto: REUTERS/Valerie Baeriswy

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise anonse nominasyon Joute Joseph kòm nouvo premye minis apre konsiltasyon ak diferan sektè peyi a. Mesye Joseph ap ranplase Premye Minis pwovizwa a Jean Michel Lapin.

Chèf leta Ayiti a, nan yon mesaj sou kont Twiiter l, mande nouvo premye minis li a pou l fòme prese-prese yon gouvènman douvèti e konsansis pou reponn bezwen popilasyon an.

Dapre règleman yo, palman an, ki jounen jodi a pa fonksyonèl, ta dwe apwove chwa a.Sepandan, 13 janvye 2020 pase a, Prezidan Jovenel Moise te konstate Palman an kadik avèk 9 senatè ki dapre li aktif,a ka yon lòt gwoup ki antre nan yon batay legal ak egzekitif la sou dire manda yo, ak tout chanm depitea ki ale paske pat gen eleksyon pou renouvle manda yo.

Opozisyon radikal la ki kanpe ten fas sou pozisyon li pou pa negosye ak Prezidan Jovenel Moise, poko reyaji sou nominasyon Mesye Jude Joseph la.

XS
SM
MD
LG