Accessibility links

Breaking News

Le Point sou Kriz Kap Travèse Enstitisyon Polis la ann Ayiti


2 polisye inite espesyalize ki sou moto nan Pòtoprens pandan yon manifestasyon sou Channmas pou sipòte mouvman pou polisye gen yon sendika. Dimanch 23 fevriye 2020. REUTERS/Andres Martinez Casares - RC2L6F994Z6B
2 polisye inite espesyalize ki sou moto nan Pòtoprens pandan yon manifestasyon sou Channmas pou sipòte mouvman pou polisye gen yon sendika. Dimanch 23 fevriye 2020. REUTERS/Andres Martinez Casares - RC2L6F994Z6B

Pou chache fè plis limyè posib sou kriz kap travèse PNH la (Polis Nasyonal d Ayiti), Lavwadlamerik pale ak yon ayisyen-ameriken ki nan sèvis aktif nan kò polis Ozetazini, Kaptenn Yvan Serge Pierre-Louis kap vini ak sigjesyon pratik sou pi bon fason dapre li pou rezoud pwoblèm nan.

Kaptenn Yvan Serge Pierre-Louis, gen anviwon 30 tan nan Depatman Polis Vil New York la e li te patisipe plizyè fwa nan fòmasyon PNH la.

Nan yon rankont ak Lyonel Desmarattes, kaptenn Pierre-Louis kanpe sou yon eksperyans solid ki otorize l bay otorite ayisyen yo konsèy sou fason yo ka jwenn yon solisyon pou kriz ki pete nan sen Polis Nasyonal la.

Yvan Serge Pierre-Louis, Kaptèn nan Polis New York, Kwè PNH la Gen Dwa a Sendika
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:34 0:00

Si pou Kaptenn Yvan Serge Pierre-Louis, polisye aysiyen yo ta dwe gen yon sendika pou defann dwa yo, otorite nan polis la bò kote pa yo fè kwè, lwa entèn ensitisyon an entèdi kreyasyon sendika.Enspektè Jeneral an chef polis la, IGPNH, Hervé Julien nan yon konferans pou laprès semen pase a fè konnen enstitisyon lap dirije a ap rete atache ak tout tèks de lwa entèn polis la.

Respons Chèf IG PNH la, Hervé Julien, Bay sou Kesyon Èske Polisye Gen Dwa Fòme Sendika a
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:17 0:00

Mèt Samuel Madistin ki travay kòm konseye wo eta majò polis la, nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik ale nan menm sans ak IGPNH Julien pou l di si polisye yo gen yon pwoblèm yo dwe adrese l a siperyè erachik yo ki yo menm gen pou fè suivi a bò kote otorite konsène yo.

Kòman Mèt Samuel Madistin Wè Kesyon Sendika nan Lapolis la?
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:30 0:00

Yon lòt kote, revokasyon 5 nan polisye ki alatèt mouvman sendika a sanble vin mete plis lwil sou dife nan tòchon kap boule ant wo etamajò polis la ak ajan yo, kote Prezidan repiblik la, Jovenel Moise entèvni pou l mande konsène yo mete sou pye yon komisyon ak yon lis rekòmandasyon prese prese sou fason pou rezoud kriz sa a kap travèse PNH la san pèdi tan.

Ministè Lajistis ki se ministè titèl polis la pibliye yon lis ak non moun ki fòme yon komite pou panche sou pwoblèm PNH la. Sepandan polisye yo ki te manifeste semen pase a mande reyentegrasyon polisye Yannick Joseph, kowòdonatris mouvman sendika ak 4 lòt polisye yo te revoke pou endisiplin, avan pou chita pale ak dirijan yo sou kesyon sendika e lòt revandikasyon polisye yo genyen pami yo: ogmantasyon salè ak bon jan mwayen pou fè travay yo, avantaj sosyo, e latriye.

XS
SM
MD
LG