Accessibility links

Breaking News

Atak Laprès Ap Sibi ann Ayiti Rive Atenn Radio Television Caraibes


Vwazinaj Kap Ede Etenn Dife Enkoni Mete nan Plizyè Machin Ki te Estasyone Devan Radio Television Caraibes
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:34 0:00

Enkoni Mete Dife nan Plizyè Machin Ki te Devan Radio Televizion Caraibes

Direksyon Radio Television Caraibes kanpe sou emisyon radyo li yo jiska nouvèlòd apre enkoni ame te atake estasyon an pandan manifestasyon moun ki idantifye tèt yo kòm polisye tap fè dimanch 23 fevriye 2020 an.

Moun yo pa rive idantifye mete dife nan 2 machinn ki te gare devan Radio Television Caraibes. Nan yon video, moun te ka wè kèk sitwayen bòn volonte ki tap eseye voye dlo pou etenn dife a ki te pran nn machan yo. Machin yo boule rapyetè. Youn nan otomobil yo te pake tou pre barye estasyon an; lòt la te anfas li. Enfòmasyon yo fè kwè te gen tantative pou antre anndan building Radio Television Caraibes la. Men sa pat rive fèt. Sepandan, enkoni te mete dife nan baryè an fè ki pwoteje antre radio a.

Asosyason jounalis yo deja reyaji sou sitiyasyon sa a kote yon lòt fwa ankò medya yo sibi atak manifestan. Association Nationale des Médias Haitiens (ANMH) ak Association Nationale des Médias Haitiens (ANMH) mete yon mesaj sou Twitter pou di: "[Nou] kondane ak tout fòs [nou] san rezèv atak vyolan plizyè enkoni fè dimanch 23 fevriye 2020 an kont local Radio Télévision Caraïbes (RTVC)."

Se pa premye fwa estasyon medya yo sibi jan de atak sa yo anba men gwoup enkoni. Nan mwa jen 2019 pase a moun yo pat rive idantifye ki tap manifeste kont gouvènman Jovenel Moise la ak kont koripsyon mete dife nan plizyè machin ki se pwopriyete Radio Ginen. Machin yo te estasyone devan antre radio a e yo te ekri se machin laprès yo ye.

Òganizasyon kap defann dwa jounalis yo ann Ayiti ak aletranje kontinye denonse vyolans kap fèt kont laprès sitou nan moman kriz politik e soyal peyi a ap travèse a. CPJ, Committee of Protection Jounalist ou Komisyon pou Pwoteksyon Jounalis ki baze Ozetazini pibliye sou paj wèb li yon rapò ki montre atak kap fèt sou jounalis ann Ayiti ogmante.

Nan rapò sa a CPJ pibliye an novanm 2019 pase a, li lanse apèl pou mande otorite ayisyèn yo mennen ankèt e bay rezilta sou vyolans laprès ap sibi ann Ayiti. Tankou ka jounalis Vladimir Legagneur ki disparèt depi nan ane 2018 nan Pòtoprens ak jonalis Nehemie Joseph ki mouri asasine nan Mibalè.

XS
SM
MD
LG