Accessibility links

Breaking News

Okay: Enkoni Ame Tire sou yon Jounalis Ajans Nouvèl Loop Haiti


Machin jounalis Luckson Saint Vil ak mak katouch kote endividi ame te tire sou li nan Okay.
Machin jounalis Luckson Saint Vil ak mak katouch kote endividi ame te tire sou li nan Okay.

Okay, Ayiti - Martine Isaac ak Wilner Bossou te bay kontribisyon yo nan preparasyon repòtaj sa a depi Pòtoprens)

Luckson Saint Vil, yon jounalis ki travay pou ajans nouvèl miltimedya Loop Haiti, te grangou lè l te fin travay vè 10:00PM nan dat 6 out 2019 la; alòs li te deside al achte yon ti manje nan men yon machann ki t ap vann bò lari a nan vil Leyogàn, pa lwen Pòtoprens, kapital la. Yon ti moman apre l te fin kite bak machann nan pou l te antre lakay li, li te santi kòmkwa yon bagay pa t ap mache byen nan machin li a; se konsa li te kanpe vwati a bò lari a pou l te chache wè ki pwoblèm li te genyen.

Jounalis Radio Metropole Luckson Saint-Vil (Photo: Matiado Vilme)
Jounalis Radio Metropole Luckson Saint-Vil (Photo: Matiado Vilme)

Nan yon “voice” Saint Vil voye bay kèk kòlèg ak zanmi sou Whatshapp, li di:

“Pandan m te mete m a jenou pou m te tcheke kawotyou a, mwen te tande anpil koutzam. Premye reyaksyon m sete pou m te kouche plat a-tè sou vant; tout rad travay mwen an te mèt sal. Mwen te rete a-tè a pandan lontan.”

Li fè konnen yon machin ak yon motosiklèt te pase pandan li te atè a. Lè Saint Vil te santi pa t gen danje pou l te kanpe, li te leve pou l tcheke machin nan. Li te wè 7 twou bal: youn te demoje volan an, 2 te frape pati vit devan ki bò kote chofè a, yon lòt te frape kapo a, epi 3 lòt te frape pati dwat machin nan. Jounalis la ajoute:

“Sete yon chòk pou mwen; mwen pa ka kwè moun rive tire sou mwen.”

Saint Vil te vle rele otorite lokal yo pou l rapòte ensidan an; men li te panse petèt li pa t pridan pou l te rete kote sa a; se konsa li te deplase ak machin nan pousizoka moun ki te tire sou li a te nan zòn nan toujou. Li te deside rantre lakay li, nan Gressiers, sou yon distans 10 a 15 minit ak Leyogàn. Misye deklare:

“Lè m te rive lakay, mwen te pran foto machin nan epi mwen te voye yo bay Loop ak kèk zanmi jounalis. Mwen te rele tou yon manm palman an (yon depite) ak majistra lokal la ki di mwen te dwe rete sou plas kote ensidan an te rive a, paske le fèt ke m deplase a, sa detwi kèk nan prèv yo.”

Saint Vil di yon polisye te vin kote l pou akonpaye l nan pòs polis la kote li te fè yon deklarasyon ofisyèl, li te ranpli kèk fòm epi li te kite machin nan ak kle a nan pòs la pou lapolis te mennen yon ankèt.

XS
SM
MD
LG