Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chans pou Jwenn Jounalis Vladimir Legagneur an Vi Minim Anpil Dapre Otorite Polisyè yo


Map Ayiti
Map Ayiti

Poko gen oken limyè ki fèt sou disparisyon jounalis fotograf, Vladimir Legagneur, ki daprè enfòmasyon yo te al kouvri yon repòtaj nan katye popilè Gran Ravin, yon banlye nan Matisan ki repite pou aktivite gan ak vyolans e ke moun konsidere kòm youn nan “zòn a risk” ou Non Dwa nan Pòtoprens.

Jounalis Legagneur ta sable disparè depi mèkredi ki te 14 mas 2018 la. Otorite lapolis yo minimize chans pou yo ta retwouve li an vi. Pòtpawol enstitisyon polis la, Frantz Lerebour, di Lavwadalmerik chans pou jwen jounalis fotograf la an vi minim anpil pliske pa gen okenn demand pou ranson ki fèt si pou ta konsidere ka a tankou yon ka danlèvman.

Gouvènman ayisyen atravè minis kominkasyon an ekprime solidarite li ak fanmi jounalis la kote li fè konnen otorite polisyè ap kontinye debouye yo kou mèt jan jak pou rive fè limyè sou disparisyon Mesye Legagneur la.

Yon lòt kote, òganizasyon jounalis ayisyen tankou Association des medias Haitians (ANMH), Association des Journalistes Haitiens( AJH) pou n site sa yo sèlman eksprime enkyetid yo devan disparisyon jounalis fotograf la. Branch nan International Federation of Journalist (IFJ) pou amerik latin ak Krayib la ekri pou eksprime sou paj wèb kote yo eksprime enkyetid yo tou devan disparisyon konfrè ayisyen yo Vladimir Legagneur.

XS
SM
MD
LG