Accessibility links

Breaking News

Lajistis Mibalè Lanse Manda Kont Kèk Sispèk nan Asasina Jounalis Nehemie Joseph la


Jounalis Néhémie Joseph, korespondan Radyo Méga ak prezantatè Emisyon Tambour Vérité sou Radyo Panic, mouri asasine devan lakay li nan Mibalè 10 oktòb 2019.
Jounalis Néhémie Joseph, korespondan Radyo Méga ak prezantatè Emisyon Tambour Vérité sou Radyo Panic, mouri asasine devan lakay li nan Mibalè 10 oktòb 2019.

Konsènan ankèt k ap menen sou asasina jounalis Nehemie Joseph 10 oktòb pase a nan Mibalè, Jounal Le Nouvelliste anonse nouvo komisè gouvènman an mèt Lion Saint Fleur lanse 2 manda damne kont yon pwòch defen an ki te vin chache l pou mennen li nan yon reyinyon menm jou li te mouri asasinen a.

Mèt Saint Fleur ta lanse tou manda kont Fabiola Cameau ki ta deklare li te prezan pandan asasina animatè emisyon radyo "Tanbou Verite."
Se Samdi 2 Novanm 2019 la fineray defen an ap chante sou plas piblik Mirbalè a an prezans fanmi ak zanmi.

James Dorvil, pwopriyetè Radyo Time FM e ki te konn travay ansanm ak defen an deklare sou Lavwadlamerik tout dispozisyon pran pou akeyi delegasyon k ap vin asiste fineray Nehemie Joseph ki te korespondan Radyo Mega. Msye Dorvil, di dosye ankèt la transfere nan kabinè enstriksyon.

XS
SM
MD
LG