Accessibility links

Breaking News

"Komite pou Pwoteksyon Jounalis" Gen Gwo Kè-Sote devan Atak Laprès ap Sibi ann Ayiti


cpj logo
cpj logo

Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la te pran kontak, lendi 25 novanm 2019 la, avèk Natalie Southwick, kowòdonatris pwogram pou Amerik Santral, Amerik di Sid ak Karayib la nan Komite pou Pwoteksyon Jounalis, KPJ (Committee for the Protection of Journalists, CPJ) ki baze nan New York, pou nou te konnen opinyon komite a sou seri atak laprès ann Ayiti ap sibi depi kèk mwa deja, sitou pandan jounalis yo ap kouvri manifestasyon ki domine vi nasyonal la pandan peryòd la.

Kesyon 1 : Lyonel Desmaattes, ki te kondui entèvyou a, te kòmanse pa mande Madam Southwick ki pozisyon CPJ devan anviwonnman chaje danje ki antoure travay jounalis yo ann Ayiti, sitou pandan 2 zan ki pase yo kote yo pa sispann viktim zak vyolans.

Repons 1 : Nou menm tou, nou konstate yon ogmantasyon nan vyolans sou jounalis ann Ayiti pandan 2 zan ki pase yo -jan w di l la- tou espesyalman pandan ane sa a, ane 2019 la, pandan y ap eseye kouvri manifestasyon yo. Nou konstate yon ogmantasyon nan vyolans kont jounalis ki bay kè-sote. Ane sa a sèlman gen omwen 2 jounalis ki mouri ansasinen ann Ayiti tandiske 2 lòt rive chape anba sa k sanble klèman ak 2 tantativ asasina. Kidonk, se yon chans si kantite jounalis ki mouri asasinen ann Ayiti pa pi wo toujou pou ane sa a sèlman. Alòs, nou genyen gwo kè-sote devan ogmantasyon sa a nan vyolans kont jounalis ann Ayiti, espesyalman kont repòtè k ap eseye kouvri sijè enpòtan tankou manifestasyon yo ak koripsyon. Nou pa sispann fè tout sa n kapab pou n atire plis atansyon sou pwoblèm sa a. Travay sa a yon ti jan difisil pou fèt nan moman mouvman pwotestasyon gaye atravè tout rejyon an; men nou arive kouvri tout ensidan sa yo. Pi bonè mwa sa a, nou te voye yon lèt bay Minis Jistis ak Minis Sekirite Piblik la ann Ayiti, kote nou te mande otorite yo mennen ankèt sou ka sa yo; paske nou pa tèlman wè ankèt ki fèt --pou n pa di pa genyen ankèt menm ki fèt-- sou majorite ensidan sa yo, alòske sa reprezante premye pa ki dwe fèt pou lajistis triyonfe.

Natalie Southwick, kowòdonatris pwogram pou Amerik Latin ak Karayib nan KPJ (Komite pou Pwoteksyon Jounalis).
Natalie Southwick, kowòdonatris pwogram pou Amerik Latin ak Karayib nan KPJ (Komite pou Pwoteksyon Jounalis).

Kesyon 2: Eske komite a gen kontak avèk asosyasyon laprès yo ann Ayiti? Si wi, ki tip de sipò yo resevwa (oubyen yo ka espere resevwa) nan men yon òganizasyon tankou KPJ --kit se apui moral, ki se lòt kalite apui?

Repons 2 : Nou kenbe yon kontak sere-sere avèk asosyasyon yo e avèk lòt jounalis ki sou teren an ann Ayiti. Nou eseye tabli pi gwo kantite kontak posibl la, paske sa pèmèt nou rete byen enfòme sou sa k ap pase epi konnen kisa k rive nan ka yon ensidan kèlkonk o pwen de vi jounalistik pi vit posib. Yo reprezante kontak ki pi sere nou genyen laba a; nou kontakte yo depi nou tande gen yon bagay ki pase dekwa pou yo voye nouvèl la pou nou pi rapidman posib, paske defi ki konn poze pafwa konsènan nouvèl sou Ayiti, sè ke enfòmasyon yo konn kite peyi a avèk plizyè jou ou menm plizyè semèn reta… alòske li enpòtan pou nou reponn pi vit posib. Alòs, nou genyen yon relasyon echanj enfòmasyon avèk yo e nou pare pou n reponn avèk apui nou bay jounalis yo sou plan endividyèl e nou fè sa plizyè fason, selon bezwen yo.

Kesyon 3 : Tankou ou fèk di sa a, nan dat 14 novanm pase a, Komite pou Pwoteksyon Jounalis la te mete ansanm avèk Repòtè san Fwontyè pou nou voye yon lèt bay Minis Jistis ak Minis Sekirite Piblik peyi d Ayiti aprè lanmò jounalis Néhémie Joseph nan Mibalè. Ki repons nou resevwa nan men gouvènman ayisyen an? Kijan otorite yo reyaji aprè resepsyon lèt la?

Repons 3 : Malerezman nou poko resevwa yon repons ofisyèl nan men yo jiskisi; men nou espere yo va gen tan kontakte nou. Natirèlman nou konprann ke pafwa yon gouvènman pran anpil tan pou l aji; men nou espere yo pral reponn nou e yo va pran o-serye kesyon nou soulve nan lèt la. Jiskaprezan otorite yo echwe nan devwa yo genyen pou yo mennen ankèt sou ka jounalis ki viktim zak vyolans yo. Sa sèlman nou fè, nou menm, se atire atansyon sou le fèt ke yo pa rive fè menm sa ki reprezante yon pati minimòm nan sa yo ta dwe fè nan ka sa yo. Nou byen konnen tou ke gouvènman ayisyen an byen okouran de ki tip imaji li genyen sou plan entènasyonal la. Alòs, konsa, nou espere yon lèt piblik konsa, mete sou le fèt ke nou kontinye atire atansyon sou echèk enstitisyonèl sa a --swa le fèt ke yo pa rive mennen ankèt sou krim ki fèt sou jounalis yo-- ebyen, nou espere sa va pouse yo pran kèk aksyon nan nivo sa a.

https://www.voanouvel.com/a/reyaksyon-cpj-sou-vyolans-kap-fet-kont-jounalis-yo-ann-ayiti/5182844.html

Pou yon vèsyon odyovizyèl entèvyou sa a, klike sou lyen ki anlè a.

XS
SM
MD
LG