Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sèn Panik sou Channmas ak Anpil Kout Zam; 2 Machin Boule Devan Radyo Tele-Karayib


Premye Jou Kanaval la nan Pòtoprens ak nan Kèk Vil Pwovens Pa Rive Fèt
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:17 0:00

Premye Jou Kanaval la nan Pòtoprens ak nan Kèk Vil Pwovens Pa Rive Fèt

Premye jou gra kanaval Nasyonal la nan Pòtoprens pa rive fèt dimanch 23 fevriye 2020 an akoz yon sèn vyolans ki te pran chè pandan manifestasyon polisye yo. Premye sèn nan se machin moun te ka remake ki tap boule devan Radyo Tele-Karayib.

2èm sèn nan se te tou pre Tou 2004 la sou Channmas. Sitiyasyon an te vin dejenere lè mach pou soutni polisye kap revandike dwa pou yo gen yon sendika anndan polis la, te rive devan ministè defans kote stang Lame Dayiti, FADH twouve l.

Dapre korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Matiado Vilmé ki te sou plas, manifestan yo te tante mete dife nan stang FADH la e mesye lame yo te anpeche sa fèt kote yo tire plizyè kout zam anlè. Polisye an sivil ak an inifòm te rale zam yo epi tire anlè tou, yon sèn panik kote kout zam tap chante tribò babò sou Channmas la nan paraj Palè Nasyonal.

Nan yon video, moun te kapab wè yon nonm ki ta blese e foul la tap fè dilijans pou kouri ak li lopital. Enfòmasyon ki vin jwenn VOA Kreyòl pa di si gen lòt moun ki viktim nan sèn derapaj sila a.

Polisye kap reklame dwa pou yo gen sendika yo tankou kowòdonatè mouvman an ki pèdi djòb li nan pwosès la te fè yon premye chita pale ak komisyon ki anchaje pou jwenn yon antant nan kriz la. Sepandan, rankont la pat rapòte anyen akoz korespondans lapolis la pat mansyone Yannick Joseph kòm polisye ak grad li, ajan 2.

Mesye polis yo kap revandike yon sendika anndan polis la pou defann dwa yo mande reyentegrasyon ajan yo revoke yo anvan pou chita pale ak otorite yo. Otorite lapolis yo revoke 5 polisye pou endisiplin pandan mouvman sendika a.

Opinyon yo diferan nan mitan òm delwa ak dwa zimen yo sou zafè sendika nan polis la. Pou mèt Mario Joseph, yon defansè dwa zimen nan Biwo Avoka Entènasyonal BAI, Konstitisyon ayisyèn nan bay dwa pou tout travayè piblik ou prive fòme sendika. Mèt Samuel Madistin, yon konseye jiridik wo etamajò polis la, bò kote pal fè konnen polis yo dwe baze yo sou lwa entènn enstitisyon an.

Pandanstan, kanaval Nasyonal 2020 an ki te dwe kòmanse dewoule jounen dimanch 23 fevriye a pou rive madi 25 fevriye pwochen an avòte nan Pòtoprens ak nan kèk lòt vil pwovens. Pa egzanp nan vil Okay, manifestan boule rapyetè yon cha ki ta pral patisipe nan pakou kanaval la. Poko gen enfòmasyon sou Gonayiv kote plizyè gwoup mizikal ta sipoze defile ak nan Kap Ayisyen, kote ansyen prezidan Michel Martelly te debake samdi 22 fevriye pou vin patisipe nan kanaval nasyonal 2èm vil peyi a. Yon foul moun te aklame ansyen prezidan an ki tap pakouri vil la anba gwo dispozitif sekirite.

Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Matiado Vilmé, Jean H. Eliscar nan Okay, ak Yvan Martin Jasmin nan Kap-Ayisyen kontribye ak redaksyon atik sa a.

XS
SM
MD
LG