Accessibility links

Breaking News

Ayiti Mete Entèdiksyon Vwayaj sou Moun Ki Soti nan Peyi Wo Risk Kowonaviris la


 Yon travayè sante piblik kap fè yon tès depistaj sou yon vwayajè ki soti aletranje. Pòtoprens, ayewopò Entènayonal Toussaint Louverture, 4 fevriye 2020,Foto: REUTERS/Valerie Baeriswyl.
Yon travayè sante piblik kap fè yon tès depistaj sou yon vwayajè ki soti aletranje. Pòtoprens, ayewopò Entènayonal Toussaint Louverture, 4 fevriye 2020,Foto: REUTERS/Valerie Baeriswyl.

Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal enfòme liy ayeryèn pou avyon k ap transpòte pasaje ki soti nan peyi zòn wouj ( kote ki gen kowona viris) pou pa debake dirèkteman ann Ayiti.

Nòt la mande konpayi yo pou evite anbake pasajeki soti nan zòn wouj(zòn a wo risk kontaminasyon COVID-19) toutotan yo pa pase 14 jou andeyò yon zòn san risk.

Ayti poko anrejistre yon ka kowonaviris ki prezan nan karayib, tnakou nan peyi Sen Domeng ak kèk lòt kote nan amerik latin nan. Otorite ayisyèn yo deplwaye ajan sante piblik sou fowntyè ak nan ayewopò atravè peyi a pou fè tès sou vwayajè kap antre nan peyi a.

XS
SM
MD
LG