Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Fon Dijans 8 Milya 300 Milyon Dola Disponib pou Konbat Kowonaviris la


Prezidan ameriken an Donald Trump kenbe yon foto nan men l pandan yon rankont nan depatman sante a Ozetazini, vandredi 6 mas 2020 an nan Atlanta. (AP Photo/Alex Brandon)
Prezidan ameriken an Donald Trump kenbe yon foto nan men l pandan yon rankont nan depatman sante a Ozetazini, vandredi 6 mas 2020 an nan Atlanta. (AP Photo/Alex Brandon)

Prezidan ameriken an, Donald Trump siyen vandredi 6 mas 2020 pase a pwopozisyon lwa Kongrè a te vote pou mete 8 milya 300 milyon dola kòm fon dijans a la dispozisyon branch egzekitif la pou l konbat epidemi Covid-19 la ou Kowonaviris.

Lajan sa a pral sevi tou pou devlope yon vaksen ki vize desitire Koronaviris la. Lwa sa a te pase nan sena a ak nan chanm bass la alinanimite. Prezidan komisyon apropriyasyon sena a Richard Shelby di: Nan sitiyasyon konsa mwen kwè nou pa ta dwe epanye oken depans pou pwoteje pèp ameriken an.

Minis sante piblik ameriken an Alex Azaar te deklare jedi 5 mas la: "Li atann ni aske yon milyon kit pou fè tès pou epidemi an rive nan laboratwa Etazini yo nan wikenn sa a."

XS
SM
MD
LG