Accessibility links

Breaking News

Iran: Yon Konseye Lidè Siprèm nan Mouri Anba Enfeksyon Kowonaviris la


Epidemi Kowonaviris la frape eta islamik la, Iran. Foto: 29 fevriye 2020. (Foto: AP/Vahid Salemi)
Epidemi Kowonaviris la frape eta islamik la, Iran. Foto: 29 fevriye 2020. (Foto: AP/Vahid Salemi)

Nan Iran, yon konseye Lidè siprèm iranyen an, Ayatollah Khamenei mouri lendi 2 mas la anba epidemi Coronavirus la daprè sa yon stasyon radio leta rapòte Konsa, li vin tounen premye gwo responsab gouvenmantal ki sikonbe anba maladi a, yon maladi ki afekte plizyè manb nan lideship repiblik islamik la.

Lanmò konseye Mohammad Mirmo Hammadi rive nan moman Iran anonse ke maladi Covid 19 la deja touye 66 moun pami mil 501 kretyen vivan ki gen jèm epidemi an nan san yo.

Kounye a repiblik islamik la anrejistre plis ka lanmò pami moun ki mouri sou planet la, an deyò la Chin ki se fwaye epidemi an.

XS
SM
MD
LG