Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sansibilizasyon Atravè Lekòl ak Kontwòl nan Pò ak Ayewopò Kont Menas Kowonaviris la


Yon travayè Sante Piblik ak yon polisye fowntalyè kap cheke moun ki soti Sen Domeng nan kad kontwòl sou menas kowonaviris la. 5 mas 2020. REUTERS/Andres Martinez Casares
Yon travayè Sante Piblik ak yon polisye fowntalyè kap cheke moun ki soti Sen Domeng nan kad kontwòl sou menas kowonaviris la. 5 mas 2020. REUTERS/Andres Martinez Casares

Ann Ayiti, lekòl yo kòmanse yon kanpay sansibilizasyon sou epidemi kowonaviris la kap menase rejyon karayib la. Nan lekòl Methodiste De Frère, pa ekzanp, dirijan etablisman sila a di Lavwadlamerik yo montre timoun yo fè pwòp kach ne yo pou pwoteje yo. Yo mete tou anpil aksan sou lave men, salitasyon san yo pa bay lamen ak netwaye telefòn yo souvan e latriye. Moun kapab li nòt sa yo sou prekosyon kont kowonaviris la sou tout mi lekòl sa a.

Nouvèl yo ta fè kwè Sen Domeng ki pataje fwontyè ak peyi Dayiti ta gen 5 ka kowonaviris. Pandanstan, epidemi an ki deja prezan nan lòt rejyon nan amerik latin nan fè yon mò nan Buenos Aires, Ajantin. Dapre sous Lavwadlamerik, Guillermo Abel Gome, yon ajanten 64 tran, mouri pandan li tap resevwa tretman nan yon lopital kont kowonaviris la nan Buenos Aires .

Sitwayen ann Ayiti kontinye eksprime kè sote devan mank mwayen leta a pou reponn ak bezwen sanitè yo malgre pwomès gouvènman atravè ministè sante piblik fè pou di yo mobilize pou fè fas ak menas kowonaviris la menm jan yo te fèl pou maladi kolera.

Sepandan nan pi gran sant ospitalye peyi a ki twouve l nan kapital la Pòtoprens, anpalan de Lopital Jeneral, dapre deklarasyon yon doktè, jiskaprezan pa gen okenn aparèy pou depiste yon moun ki enfekte anba kowonaviris la.

Epidemi an pa prezan ann Ayiti pou lemonman dapre otorite yo ki pran plizyè dispozisyon atravè pò ak ayewopò peyi a pou teste vayajè ak moun ki sot pase tan aletranje.

XS
SM
MD
LG