Accessibility links

Breaking News

FMI Anonse Li Pral Dekese 50 Milya Dola pou Ede Konbat Kowonaviris la


Sòlda Sid koryen nan Sewoul kap dezenfekte lari a, apre yo fin anonse yo jwenn kèk ka moun ki gen Kowonaviris la ou (COVID-19) nan Daegu, nan sidès kapital la Sewoul, Kore di Sid, 2 mas 2020.
Sòlda Sid koryen nan Sewoul kap dezenfekte lari a, apre yo fin anonse yo jwenn kèk ka moun ki gen Kowonaviris la ou (COVID-19) nan Daegu, nan sidès kapital la Sewoul, Kore di Sid, 2 mas 2020.

Fon monetè entènasyonal (FMI) anonse li pral dekese 50 milya dola pou ede nan demach kap fèt pou kwape epidemi koronaviris la nan lemond.

Enstisyon finansyè entènasyonal la presize li pral mete fon lajan sa a ala dispozisyon peyi a ba revni yo ak nasyon nan kategori ekonomi emèjans yo, yon fason pou mete sou pye enstalasyon medikal, sizoka yo ta gen bezwen nan sans sa a.

Nan 50 milya dola sa a, F. M. I. ap dispoze 10 milya dola pou l prete san okenn to enterè peyi ki pi pòv pami manm li yo.

Ayiti-Kowonaviris

Nan kad dispozisyon Ministè Sante Piblik pran pou pwoteje teritwa peyi Dayiti kont epidemi an, otorite lasante yo reyalize yon lòt rankont ak responsab liy aeryèn yo nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture sou mezi prevansyon kont Koronaviris la.

XS
SM
MD
LG