Accessibility links

Breaking News

Ayiti Patisipe nan yon Rankont ak CARICOM sou Mobilizasyon Kont Kowonaviris la

Yon travayè sante piblik ann Ayiti, kap fè tès sou yon pasaje ki soti aletranje pou wè sil pa genyen siy ki montre li enfekte ak Kowonaviris la nan Aewopò Toussaint Louverture a nan Pòtoprens, Ayiti, 4 fevriye 2020. (REUTERS/Valerie Baeriswyl).

Prezidan Jovenel Moise, Minis Sante Piblik la ak Minis Afè Etranjè gouvènman demisyonè a patisipe nan yon videyo-konferans dimanch 1 mas 2020 an ak dirijan peyi CARICOM yo pou adopte yon estrateji komen pou kontre-kare kowonaviris la kap pwopaje sou planèt la.

Dapre nouvèl yo otorite yo ap kòmanse teste pasaje kap antre nan ayewopò entènasyonal Pòtoprens la pou detekte si wi ou non yo pa gen viris la.

Yon lòt kote, Sektè Demokratik e Popilè a anonse li pare pou ede popilasyon ayisyèn nan, nan fè sansibilizasyon ak prevansyon kont épidémi kowonaviris la. Dapre Dr. Schiller Louisdor, yo deja mete sou pye yon komite.

Bò kote pa Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, MSPP, vle rasire popilasyon an pou di leta a deja mobilize. Kowonaviris la ki bay maladi respiratwa sayantis yo rele COVIC19 touye plizyè 100tèn moun nan Lachin e nan kèk lòt peyi kote maladi a prezan. Nouvèl yo ta fè kwè Kowonaviris la prezan nan Sen Domeng. Ozetazini viris la touye 2 moun nan eta Washington.

XS
SM
MD
LG