Accessibility links

Breaking News

Ministè Sante Piblik Di li Aktive Klinik Mobil pou Kontwole Kowonaviris la Si l Ta Rive ann Ayiti


Yon travayè medikal kap tcheke yon vwyajè ki soti aletraje pou wè si li pa Kowonaviris la.
Yon travayè medikal kap tcheke yon vwyajè ki soti aletraje pou wè si li pa Kowonaviris la.

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, mete yon mesaj sou kont Twitter l kote li anonse li aktive Ekip Mobil Entèvasyon Rapid (EMIRA) pou mobilize kominote a sou Kowonaviris la ki bay maladi COVID-19.

Sa pa gen lontan ministè a te fè konnen li gen kapasite pou l fè tès depistaj pou detekte prezans viris la, gras ak materyèl li te resewa nan men OPS-OMS 12 Fevriye pase a. Anons sa a fèt nan moman otorite lasante peyi nan rejyon an ap fè jefò pou evite pwopagasyon viris la lakya yo.

XS
SM
MD
LG