Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Ap Kesyone yon Sitwayen Ameriken Dorijin Ayisyen ki Antre nan Peyi a ak Plizyè Zam


Òdinatè Sekirite Ayeopò a ki montre zam ki nan malèt yon sitwayen ameriken dorijin ayisyen ki te soti Miami abò yon avyon American Airlines.
Òdinatè Sekirite Ayeopò a ki montre zam ki nan malèt yon sitwayen ameriken dorijin ayisyen ki te soti Miami abò yon avyon American Airlines.

Direction Central Police Judiciere (DCPJ) ap entèroje sitwayen ameriken dorijin ayisyèn, Sebastien Duroseau, apre li te debake nan ayeropò entènasyonal Toussaint Louverture a madi 12 novanm nan ak 5 pistolè 9 milimèt, 2 fizi daso, minisyon ak lòt ekipman li te kache andedan plizyè sak.

Komisè gouvènman Croix-des-Bouquets a mèt Maxime Augustin te rann li sou plas pou fè konsta legal yo ansanm ak yon jij de pè. Selon komisè a 3 reprezantan anbasad la te prezan pandan li t ap entèroje sispèk la ki te soti Miami abò American Air Line.

Misye Duroseau di komisè gouvènman an li se yon manm Lamarin ameriken ki antre nan peyi a pou vin pote kontribisyonn. Jounal Miami Herald site yon sous polisyè ki ta fè konprann Sebastien Duroseau te gen otorizasyon konpayi ayeryèn nan pou l vwayaje ak za m yo ansanm ak minisyon yo.

Komisè gouvènman Croix des Bouquets a, Maxime Augustin, di otorite yo ap entèroje yon sitwayen ayisyen yo ki te vin chache Sebastien Duroseau nan ayeropò a. DCPJ ap kontinye ankèt la avan li prezante devan yon tribinal.

XS
SM
MD
LG