Accessibility links

Breaking News

Rapò MINUJUSTH sou Kriz Ayiti a ak Preparasyon pou Nouvèl Misyon Nayon Zini, BINUH


Foto KAs ble NasyonZ ini

Misyon Nasyon Zini pou Sipòte Jistis ann Ayiti, ki gen ti non MINUJUSTH, prezante yon rapò bay Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, ki pale de depa MINUJUSTH, e de tou sa ki te pi enpòtan sou pwogram li, ke l ap transmèt bay nouvo misyon Nasyon Zini an, BINUH, kap ranplase l apre yon peryòd tranzisyon. Rapò a gen ladann tou preparasyon ki fèt pou entegre ekip l ONU ki ann Ayiti ansanm ak BINUH, e li gen tout estrateji nouvo misyon an.

Peryòd ki nan rapò l ONU an pale de negosyasyon ki pako janm ka reyisi fèt pou konfime yon nouvo gouvènman, yon pwosesis pou te destitye Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse nan Chanm Depite a, ansanm ak yon kriz konstitisyonèl ke Ayiti pwal gen devan l akoz li pa òganize eleksyon alè pou renouvle palman aktyèlla k ap bout nan dat 13 janvye 2020. Fas ak kriz politik sa a, nenpòt bagay ka rive nan sityasyon Ayiti a, kote opozisyon an òganize plizyè aksyon vyolan nan mwa septanm pase a, e kote gang kriminèl te kontinye poze yon menas pou lòd piblik.

Ayiti rete san yon gouvènman kap fonksyone depi demisyon 2èm premye-minis ke Mesye Moïse te nonmen, an palan de Jean Henry Céant, 21 mas 2019 la. 22 jiyè, apre 3 efò nan Sena a pou vote sou deklarasyon politik jeneral yon nouvo gouvènman ki ta gen nan tèt-li 3èm chwa Msye Moïse pou Premye-minis, Jean Michel Lapin, Msye Moïse te anonse nominasyon yon 4èm Premye-minis, Fritz William Michel.

24 jiyè, yon kabinè 22 manm, ki gen menm kantite gason ak fanm, te parèt sou jounal ofisyèl-la Le Moniteur. E li te sibi yon amandman apre sa, 29 Daout pase a. Apre Chanm Depite a fin apwouve deklarasyon politik Jeneral Msye Michel 3 Septanm pase-a, konsiltasyon ant branch Ekzekitif-la ak Sena-a pou 4èm chwa pou Premye minis la pako ka abouti. Efò sa a te dejenere an gwo boulvès 11 ak 23 Septanm pase a, kote senatè minorite yo mete ak militan ame te antre nan Sena a pou simen latwoublay, kote yon senatè nan pati Tèt Kale te blese 2 moun ak revòlvè li.

Chanm Depite a te eseye pran aksyon pou wete Prezidan Jovenel nan tèt peyi a, e efò sa a te echwe. Anpil moun wè manifestasyon ak reklamasyon mouvman Petro Challenger a pou mande demisyon Misye Moïse, kòm yon baryè ki anpeche pwosè a fèt.

Antretan, peyi a pa ka pwodui manje, sitou akoz sechrès ki te frape rejyon Atibonit-la. Rapò a pale tou de manifestasyon vyolan nan lari ke kèk gwoup te ede ak gwo finansman, de krim ki ogmante nan peyi a sitou nan depatman Lwès-la.

Gras ak finansman ajans Nasyon Zini, PNUD, te gen konstriksyon yon premye biwo rejyonal Enspeksyon Jeneral nan vil Kap-Ayisyen, sa ki moutre efò pou desantralize lapolis.

MINUJUSTH ede konbat pwoblèm prevni ki nan prizon pandan lontan san yo pa konparèt devan jij.

L' ONU deside bay Ayiti yon fon pou Bati Lapè pou yon peryòd 5 an. Travay BINUH gen 5 etap, koumanse depi lè Konsèy Sekirite Nasyon Zini te adopte l 25 Jen pase a. Premye etap la te bout apre l' ONU te fin tabli ekip preparasyon-an ki baze nan Pòtoprens. 2èm etap la kap bout bout 16 Oktòb, se fè BINUH pare pou manda li. Travay BINUH se sitou ede fè refòm nan sistèm eleksyon-an ak nan lajistis, redui vyolans nan kominote-yo, defèt gwoup ame e dezame manm gang yo, nan travay ansanm ak gwoup l-ONU ki déjà nan peyi a. Tou le 7 inite polis MINUJUS-yo déjà retounen nan peyi yo. Se sèlman 10 ajan polis sa-yo ki rete nan peyi a pou travay ak BINUH.

Bidjè MINUJUSTH la k ap bout 31 Desanm 2019 kap vini an, li pa depase 49 milyon 500 mil dola.

Sete yon rezime rapò Konsèy Sekirite Nasyon Zini an sou travay MINUJUSTH ak gwoup gwoup ki pwal ranplase li a, BINUH.

XS
SM
MD
LG